Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Ajan  dwanye ameriken (TSA)  anile viza epi eskpilze ansyen Senatè Moise Jean Charles nan peyi dAyiti 

Ajan  dwanye ameriken (TSA)  anile viza epi eskpilze ansyen Senatè Moise Jean Charles nan peyi dAyiti 

Miyami, Madi, 25 janvye 2022 -Tinouvel.com  


Ajan  dwanye ameriken (TSA)  anile viza epi eskpilze ansyen Senatè Moise Jean Charles nan peyi dAyiti 


Ajan  dwanye ameriken (TSA) nan epòt Miyami mete deyò epi retounen  nan peyi dAyiti ansyen     Senatè Moise Jean Charles apre plizyè jou li te Pase an Afrik.


    Moise Jean Charles  fè konnen  ajan te  mande l sa l te di ak Maduro ane pase, Sa l te genyen ak Marthelly lè li te nan sena e mande ki sa l te ou ale fè an Afrik? E rakonte nou tout pawòl ou te pale ak moun ou te rankontre an Afrik yo? Kesyon ansyen Senatè di li te refize reponn.


    Ansyen senatè Moise Jean Charles  anonse  yon ajan  di l li pap ka rantre nan peyi Etazini pa avan 5 lane. Yo te mete bouch li yon aparèy san li pa konnen pou ki sa . Pou ansyen senate se yon seri zak pou entimide l ak pesekite l politikman.


Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article