Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Aktyalite jounen Vandredi 14 Janvye 2022

 fo sòlda nan Fòs Lame d Ayiti (FAD'H )
 fo sòlda nan Fòs Lame d Ayiti (FAD'H )

fo sòlda nan Fòs Lame d Ayiti (FAD'H )

Retrè gouvènmantal

Retrè gouvènmantal

Pòtoprens ,Vandredi 14 Janvye 2022-Tinouvel.com  

Aktyalite jounen Vandredi 14 Janvye 2022


Ayiti-Politik
Premye minis defakto Dr Ariel Henry ap òganize yon retrè gouvènmantal pandan 2 jou 


     Retrè gouvènmantal an  kòmanse aye jedi nan Royal Decameron, sou kòt  akaden an.Dapre PM la  retrè sa a  se pou amonize ak atikile aksyon gouvènman an.


Joseph Lambert retounen Prezidan ti  rès sena .


    10 manm nan  tibout  sena reeli Senatè Joseph Lambert prezidan biwo rès sena  e Fòme avanyè Mèkredi twa komisyon ki responsab zafè politik, sosyal ak finansye. 
Ayiti-Sekirite


PNH kraze yon rezo fo sòlda nan Fòs Lame d Ayiti (FAD'H )


    Polis Nasyonal Ayiti (PNH), mennen yon operasyon mèkredi 12 janvye 2022 nan lokalite Twawòch, 4èm seksyon riral Agwaedyond (Rivyè Goch).


    Ajan inite depatmantal lapolis (UDMO),   arete nèf (9) moun, yo te sezi yon zam afe kalib 22, yo  sezi plizyè pè bòt, inifòm, kas, kouto, badj, telefòn selilè . 


Ayiti ensekirite
kidnapin ap kontinye nan Matisan ,2 chofè Lopital Sainte Croix  Leogane yo libere


    2 chofè Lopital Sainte Croix  Leogane ki tap transpòte yon jenerasris pou lopital libere jedi swa apre yon jou yo pase nan men kidnapè yo.Bandi nan Matisan yo lage chofè yo men yo kenbe generatris la.


    Nap fè sonje gang  nan Matisan  rekomanse ak zak kidnapin ak piyaj nan antre sid Potoprens apre kèk jou yo te kanpe nan fè move zak sou popilasyon an.

 


3 Ajan ssekirite Senatè Joseph Lambert  jwenn Liberasyon yo


    kidnapè yo lage  3 ajan sekirite palman apre yo paran yo te finn peyeyon  lajan .Nap raple bandi ak zam te kidnape 3 ajan sekirite Senatè Joseph Lambert  jou kite 8 janvyè 2022  .


Arestasyon Polisye Martino Stetensky Delliard ki te touye ak bal Jean Ketlet Nau


    Biwo Afè Kriminèl (BAC) nan PNH arete anvayè mèkredi 12 janvye 2022 lapolisye Martino Stetensky ki te asasinen, nan nuit 16 pou rive 17 desanm 2021 nan Delmas 32 , yon frè dam li Jean Ketlet Nau.Tout  2 polisye sa yo te soti nan 28èm pwomosyon.


    Martino Stetensky Delliard,  te  afekte nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a (CEP). Dapre yon rapò lapolis, Mesye Delliard avwe li te tire kòlèg la ki te gen yon relasyon entim ak mennaj li.


Otirie Dominikèn pimpe Rodolph Jaar nan peyi Etazini


     Apre aretasyon  Rodolph Jaar an Repiblik Dominikèn 7 janvye, otorite peyi  sa a ekstrade avanyè Mèkredi nan USA a.Rodolph Jaar te avwe nan New York Times li te patisipe nan planifikasyon ak finansman asasina Prezidan Jovenel Moïse.


Lanmò nan mitan PNH


    Enspektè Silencieux Jeanty Emmanuel tonbe anba bal jounen  jedi 13 janvye .Apre zak sa a  bandi yo ale avek kò a.


Ayiti/Dominikani -imigrasyon


Prezidan dominiken an Luis Abinader anonse li pral depòte tout sitwayen ayisyen ki nan sitiyasyon iregilye nan peyi l.


    Sendomeng, 13 janvye 2022. Prezidan dominiken an Luis Abinader fè konnen administrasyon li a pap mete deyò tout sitwayen ayisyen ki nan yon sitiyasyon iregilye nan panyol.Yon desizyon ki, li di, konfòme ak lwa 285-04 sou migrasyon.


Ronald LEON
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

 

Martino Stetensky Delliard asasen Jean Ketlet Nau
Martino Stetensky Delliard asasen Jean Ketlet Nau

Martino Stetensky Delliard asasen Jean Ketlet Nau

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article