Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Asoyasyon Jounalis Aysiyen nan peyi etranje (AJHE ) pral eli nouvo dirijan li yo pou 2 pwochen lane yo.

Asoyasyon Jounalis Aysiyen nan peyi etranje (AJHE ) pral eli nouvo dirijan li yo pou 2 pwochen lane yo.Asoyasyon Jounalis Aysiyen nan peyi etranje (AJHE ) pral eli nouvo dirijan li yo pou 2 pwochen lane yo.
2 Kandida pou vis Prezidan : Luc Bonhomme  ak Bidry Dorsainvil 2 Kandida pou vis Prezidan : Luc Bonhomme  ak Bidry Dorsainvil

2 Kandida pou vis Prezidan : Luc Bonhomme ak Bidry Dorsainvil

Nouyòk, Mèkredi, 26 janvye 2022 -Tinouvel.com  


Asoyasyon Jounalis Aysiyen nan peyi etranje (AJHE ) pral eli nouvo dirijan li yo pou 2 pwochen lane yo.


    Dimanch 30 Janvier 2022 , se pral jounen eleksyon nan dyaspora a,jounalis ayisyen prale eli 9 manm Komite egzekitif Asoyasyon Jounalis Aysiyen nan peyi etranje (AJHE ). Nouvo dirijan sa yo ap eli pou 2 lane.


    Dapre komite elektoral la ,tout bagay pare pou òganizasyon eleksyon sa yo  .Se atravè aplikasyon zoom, jounalis ayisyen lòt bò dlo yo ki  regilyèman enskri nan asosyasyon an ap gen dwa pou vote.Se eleksyon pou pòs  vis Prezidan an kap  genyen yon reyèl afwontaman ant  2 Kandida ,tout lòt pòs se kandida inik.


    Tout jounalis ,manm AJHE dwe al vote nan elesyon Dimanch 30 Janvier 2022 pou yo kapab lejitime nouvo dirijan yo, dapre manm komite elektoral la.Sèten kandida egzije tou piblikasyon rejis elektoral anvan eleksyon yo.


Men lis kandida yo


Kandida inik pou pòs Prezidan Robert Philomé  Vision 2000, France 24. 


2 Kandida pou vis Prezidan : Luc Bonhomme   ,Telemax ,TNH ,Radio IBO ak Bidry Dorsainvil  ,Voix Ave Maria , A.C.I. France,Antenne Caraïbes International ,Propriyetè Radio BMD Internationale  

     .
Kandida inik pou pos Sekretè Jeneral Garry Belizaire ,Tropik FM,Radio Vision 2000, Radio Solidarité 


Kandida inik pou pòs Sekretè Jeneral Adjwen Jasmine Vendredi, Radio Haiti Inter,TNH


Kandida inik pou pòs Trezsorye   Marc Sony Jean Baptiste, Vision 2000


Kandida inik pou pòs Trezsorye   Adjwen Dominque Mommus , Radio Nationale,Tropic FM , signal FM Radio Tropicale


3 kandida pou konseye: Trezil Jean Samuel Radio Caraïbes ,Claudy Jean Jacques Radio Nationale , Radio Vérité New Jersey, Radio Panou New York ak  Michaud Joinier Radio Vision Mondiale  France


Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article