Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Nouyòk, Samdi, 29 janvye 2022 -Tinouvel.com
Claude-Alix Bertrand denonse Evans Lescouflair ki vyole l ak abize l seksyèlman pandan 2 zan
Predatadè seksyèl pa lòt moun pwòp monitè espò li nan lekòl St Louis Gonzague.Claude-Alix Bertrand te gen sèlman 11 zan lè Evans Dady Lescouflair te deside kòmanse touche ti pati entim li apre klas spò nan biwo l,apre sa lekòl gaye Evans Dady Lescouflair vyole li plizyè fwa e pandan 2 zan .
Evans Dady Lescouflair ansyen Minis Espò itilize tout taktik minab pou kontinye fè kadejak sou ti gason 11 zan sa a, swa li di chofè Claude-Alix Bertrand li an retenu ou byen Evans Dady Lescouflair pran pòs li se yon sikolòj pou ale lakay li e pou li kontinye vyole san kè sote.
Se a laj 21 an Claude-Alix Bertrand deside di laverite ak Paran li malgre sa a pa gen okenn plent ki pote kont li.Claude-Alix Bertrand deside rakontre istwa li apre 30 tan silans,li anonse yon jou kou jodi Evans Dady Lescouflair ap gen pou peye pou tout krim ak abi seksyèl li fè sou li ak plizyè lòt jen ti moun.
Claude-Alix Bertrand pataje eksperyans li nan yon live sou Instagram No filter e souhete tout moun ki sibi move tretman denonse predatatè sa yo e pou paran siveye ti moun yo pou remake tout chanjman lakay pitit yo e yo kapab pi byen pwoteje yo.Li fè konnen fòk Evans Dady Lescouflair vyole plis pase 100 timoun .
Claude-Alix Bertrand, te nomen Anbasadè UNESCO Ayiti an 2014. Anbasadè Special Olympik,Kapitèn Ekip Polo Ayiti. Prezidan Federasyon Ayisyen Polo. Piblikatè Polo Lifestyles Magazines,li abite kalifòni kounye a.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel