Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

 David Sassoli, Prezidan Palman Ewopeyen an mouri a laj 65 an nan peyi Itali

 David Sassoli, Prezidan Palman Ewopeyen

 David Sassoli, Prezidan Palman Ewopeyen

Brussels ,madi 11 anvye 2022-Tinouvel.com 


 David Sassoli, Prezidan Palman Ewopeyen an mouri a laj 65 an nan peyi Itali


    Prezidan Palman Ewopeyen an, David Sassoli, mouri nan mitan lannwit Lendi ak Madi 11 janvye 2022 a nan sant referans onkoloji(CRO) nan Aviano, Itali, kote li te entène depi nan fen Desanm pase a, daprè sa pòtpawòl li. Roberto Cuillo anonse sou Twitè. Li te gen 65 lane.


    David Sassoli se te yon ansyen jounalis prezantatè vedèt nan televizyon piblik peyi Itali, RAI, anvan li vire nan politik. Men li te toujou di li pap janm « abandone nèt karyè jounalis » la, se pou sa li te toujou kolabore nan divès jounal ak magazin.


Se te yon Sosyal Demokrat e li te nan tèt asanble Estrasbou a depi 2019.


Yves Pierre
CEO @RadioSapatann
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article