Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Nouyòk, Samdi, 29 janvye 2022 -Tinouvel.com
Etazini pote dosye konfli ant peyi Ikrèn ak Larisi a nan Nasyonzini
Peyi Etazini mande Konsèy Sekirite Nasyonzini yon reyinyon piblik prese prese sou tidife boule ant peyi Ikrèn ak Larisi, daprè yon deklarasyon Ameriken fè jedi 27 janvye a.
« Larisi simaye plis pase 100 mil sòlda sou fwontyè Ikrenyen an, anplis li fè lòt zak tidife volan ak peyi Ikrèn, sa ki se yon menas klè pou lapè ak sekirite entènasyonal ak pou manman lwa Nasyonzini, » selon sa anbasadèz meriken nan Nasyonzini, Linda Thomas-Greenfield di nan deklarasyon sa.
Diplomat la rapousib pou di nan deklarasyon a : « Pandan n ap kontinye pouswit san kanpe wout diplomasi a pou voye dlo sou dife tansyon ki mete n anfas yon menas grav pou lapè ak sekirite Ewopeyen yo ak lemonn antye [...] manm Konsèy Sekirite a dwe chita gade reyalite yo san voye woch cache men. »
Yves Pierre
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel