Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,Ayiti ,mèkredi 12 anvye 2022-Tinouvel.com
ki sa ki te rive jounen jodi a?
12 janvye 2010 - 12 janvye 2022 , 12 zan depi yon Gwo Tranbleman tè te kraze Ayiti, kote kòb CIRH la ki te nan men Clinton ak Bellerive
Gwo tranblemanntè ki te fèt 12 janvye 2010 sou zile Ispanyola sitou nan Lwès zile Ayiti ki te plis frape .
Ofisyèlman gouvènman ayisyen an te di gen plis pase 300,000 moun ki mouri, men gen lòt estimasyon ki panse kantite moun ki mouri yo te konsiderableman pi piti.
Dapre dènye rapò ofisyèl yo, tranblemanntè madi 12 janvye 2010 la te kite anviwon 230 000 moun mouri, prèske 300 000 blese ak anviwon 1,5 milyon moun ki san kay.
Domaj materyèl yo te estime ak plis pase $ 14 milya dola. Zòn metwopolitèn Port-au-Prince te afekte anpil, men episant lan te nan vil Léogane, ki te detwi plis pase 80%.
Sa vle di kantite moun ki mouri pa egzak .Plizyè santèn milye sivivan yo te oblije deplase.
Tranbleman tè a
Tranblemanntè a frape a 4:53 PM ak yon distans nan zanviwon 15 mil (25 km) nan sidwès Pòtoprens, kapital ayisyen an. Chòk inisyal la te anrejistre yon mayitid 7.0 , nan menn jan jou anpil replik 5.9 ak 5.5. te kontinye frape kapital la.
Yon lòt gwo replik 5.9 ki te frape 20 janvye, Tigwav, yon vil ki nan zanviwon 35 mil (55 km) nan lwès Pòtoprens.
Yon peyi ki kraze
kay ki te kraze yo se konsekans nòmal absans kòd konstriksyon ann Ayiti. San ranfòsman parasismik , kay yo te tonbe youn apre lòt anba fòs tranblemanntè a, swa li touye oubyen pyeje okipan yo anba dekonb yo.
Nan Pòtoprens katedral la ak Palè Nasyonal la te andomaje anpil, menm jan ak katye jeneral Nasyonzini an, penitansye nasyonal ak bilding palman an.Ayiti te mal ekipe pou fè fas ak yon dezas konsa.
Anpil lajan bay anyen pa fèt
Rapè ayisyen Ameriken Wyclef Jean nan vil Nouyòk ak aktè Ameriken George Clooney nan Los Angeles te òganize yon telethon .Yo te rantre plis pase 60 milyon dola.
An fevriye peyi G7 yo te anile rès dèt Ayiti ki te plis pase $1 milya , e nan mwa mas Bank Entè-Ameriken pou Devlopman an te anile dèt $447 milyon e li te pwomèt plis pase $30 milyon pou sipòte peyi a. Bank Mondyal te anile balans 36 milyon dola peyi a nan mwa me.
Yon konferans donatè Nasyonzini yo te fèt nan vil Nouyòk nan fen mwa mas te pwomèt 9.9 milya dola, ak 5.3 milya dola yo dwe itilize pandan de premye ane pou rekonstriksyon Ayiti.
Konferans donatè a te mete kanpe tou yon Komisyon Pwovizwa pou Rekiperasyon Ayiti a, CIRH yon patenarya ant gouvènman ayisyen an ak donatè etranje ki te anba prezidans Clinton ak Bellerive.Palman ayisyen te apwouve Komisyon an nan mwa avril.
Dezan apre tranblemanntè a, plizyè donatè te jwenn tras plizyè milyon dola sèlman e te rete 4.5 milya dola ki disparèt.12 zan apre pep ayisyen ap mande kote kòb CIRH la ki te nan men Clinton ak Bellerive.
Ronald LEON
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel