Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Nouyòk, Madi, 25 janvye 2022 -Tinouvel.com
Money Mike pa mouri, men li nan koma
Money Mike toujou avèk nou, deklarasyon Liseberth Guillaume,yon pwòch li nan yon tweet li te fè sou paj ofisyèl li .
Jean Huberman Charles viktim yon konjesyon serebral(AVC) epi entène nan yon lopital nan New York. Li gen 47 lane. Money honey Mike te fè pati gwoup Original Rap Staff la se te yon pyonye nan mouvman Rap kreyòl la .
Jean (Mike) Charles Huberman alyas Money Mike se yon atis ayisyen, manm fondatè gwoup Original Rap Staff.Li ekri ak fè aranjman nan albòm Kè Pòpòz Original Rap Staff te mete deyò an 1996 . Li te patisipe nan anpil mega tube Original Rap Staff tankou Bagay Dwòl, Kè Pòpòz elatriye. Pou le moman, fanmi li reklame Lapriyè pou li .
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel