Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Nouyòk, Samdi, 25 janvye 2022 -Tinouvel.com
Move Nouvèl -Nouvèl Lanmò
Money Mike travèse apre plizyè jou koma
Money Honey Mike kite nou.
Jean Huberman Charles tout moun konnen sou non atis Money Honey Mike kite nou jedi 27 janvye 2022 a, daprè sa frè atis la Pierre Richard Charles te declare.
Money Honey Mike, ansyen vedèt Original Rap Staff (ORS) la, te entène lopital depi plizyè semenn apre l te fin viktim yon konjesyon serebral (AVC). Li travèse yon semèn apre nouvèl lanmò l te tonbe tankou yon kout loray move tan nan mitan fanatik ak sipòtè mouvman Rap kreyòl la.
Money Mike se youn nan premye jenn atis ayisyen ki te brave danje diskriminasyon pou l te mete Rap kreyòl sou moun anndan peyi dAyiti. Li te fè anpil siksè ak O.R.S, gwoup sa li te kreye nan ane 90 yo avèk kèk lòt jenn gason chaje ak talan tankou Top Adlerman, Posse x, Top Tchouko, elt. “Kè pòpòz” albòm gwoup la soti nan lane 96 rete youn nan albòm rap ki pi move.
Money Mike kite nou. Li te gen 47 lane.
Money ou mèt ale kè pòpòz!
Yves Pierre
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel