Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Quebec ,mèkredi 12 anvye 2022-Tinouvel.com
Move Nouvèl ,Nouvèl lanmò
Chantè Ayisyen Kanadyen Don Karnage mouri
Don Harley Fils-Aimé aka Don Karnage mouri ak kansè(non ofisyèl) ayè madi 11 janvye a.Lanmò Don Karnage yon rapè Ayisyen Kanadyen kite anpil fanatik li yo nan tristès lè yo aprann nouvèl sa a.
Don Karnage te gen anpil siksè nan fen ane 90 yo ak kòmansman ane 2000 yo. Videyo mizik li yo te jwe anpil sou sit Musique Plus. Atis la te fè anpil toune atravè mond lan ak NAN diferan pwovens OKanada .Li te menn rantre ann Ayiti .
Li te kanpe karyè mizikal li pou li te tounen pwofesè lang anplis li te konn bay leson mizik ak enfomatik gratis.
Don Karnage te mete deyò 2 albòm pandan karyè li Vice Versa (1999) ak Bouge (2002) Li te sòti yon dènye single Pa kite'm (Don't leave me) an 2013.
Tout panse nou yo pou fanmi l ak zanmi l.
Ale an Pè Don lan
Ronald LEON
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel