Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens ,Vandredi 14 Janvye 2022-Tinouvel.com
Nan mitan "epidemi tigrip ak tifyèv la" ,Premye Minis defakto Ariel Henry mete kanpe yon komite refleksyon sou òganizasyon kanaval ane sa a
Nan fen Konsèy Gouvènman an, Premye Minis defakto Ariel Henry , deside fòme yon komite refleksyon sou òganizasyon kanaval 2022 a.
Komite sa a ap fòme ak reprezantan Ministè Kilti ak Kominikasyon, Touris ak Endistri ,Sante Piblik ak Popilasyon, Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon, Sekretè Jeneral Prezidans lan, Doktè Josué Pierre-Louis ap prezide komite sa a.
Nan kòmansman mwa janvye a ,Majistra Eduardo Paes te anonse li anile yon fwa ankò defile Kanaval Rio de Janeiro 2022 akòz epidemi kowona virus la kap vale teren nan peyi Brezil.
Ronald LEON
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel