Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Òganizasyon Politik Fanmi Lavalas retire kò li nan Biwo Siveyans Akò Montana a (BSA)  

Dr Maryse Narcisse

Dr Maryse Narcisse

Pòtoprens, Samdi, 29 janvye 2022 -Tinouvel.com  


Òganizasyon Politik Fanmi Lavalas retire kò li nan Biwo Siveyans Akò Montana a (BSA)

 
    Fanmi Lavalas, retire 2 manm li yo Joël-Edouard Vorbe ak Jodson Dirogène nan Konsèy Nasyonal Tranzisyon pou pwoteste  kont sitiyasyon "konfli enterè" ki toujou egziste nan Akò 30 Out la .


    Nan yon nòt pou lapres Òganizasyon Politik Fanmi Lavalas denonse Biwo Siveyans Akò Montana a (BSA) ki toujou vle "chwazi  lidè pati politik yo pou dirije tranzisyon an e, an patikilye,pou  òganize eleksyon kote pwòp estrikti politik yo pral patisipe, "kidonk  yo jij e pati an menn tan.


    Fanmi Lavalas deklare mann Akò Montana a (BSA) ignore tout  enkyetid òganizasyon an te soulve nan lèt ki te date 6 desanm 2021 la ki rete san repons, malgre yon rapèl yo te fè yo nan yon reyinyon ak BSA a nan dat 23 janvye 2022.Akò Montana  toujou vle reyalize eleksyon yo pou chwazi aktè politik  pou al dirije tranzisyon an.


    Pou Fanmi lavalas se  "yon tranzisyon ripti ak yon gouvènman  sali piblik ki konpoze ak  pèsonalite onèt, konpetan e ki pa patizan, ki soti nan diferan sektè  nan peyi a ak dyaspora a, ki pral travay pou byennèt  pèp la”.


    Li espere pou tout gwoup yo mete tèt ansanm pou  amonize diferans ant yo pou chache yon  konsansis nan  enterè peyi a ki  plonje nan yon kriz grav .


Pou Komite Egzekitif Fanmi Lavalas 
Dr Maryse Narcisse
Mesye Joël Edouard Vorbe Doktè Jean Myrto Julien

Agr. Anthony Dessources

 


Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article