Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens ,madi 1 Janvye 2022-Tinouvel.com
Rodolphe Jaar, yon biznisman ayisyen ak ansyen trafikan dwòg chante kou rosiyòl:
Li di Frantz Elbé te okouran kou a men pa fè anyen pou bloke yo,Etazini te konnen e Phantom 509 te sou kou a e finalman yo kraponen tout sa nan atik Anatoly Kurmanaev pou New York Times
Atik Anatoly Kurmanaev Pou New York Times
Selon atik New York times Mesye Jaar te panse objektif konplo a se te arete Jovenel Moise, men se pa pou te touye prezidan an .Li te pran nan yon jwèt pa konprann,konplotè parèy li yo te pran l nan yon pi gwo kou politik .
Kouman ak poukisa plan an chanje? , soti nan arete ak fòse prezidan an demisyone jiska ke yo rive nan asasinen li .Mesye Jaar te deklare ke li pa konnen.
Dapre Mesye Jaar,konplo ki tap marinen pou debaraze peyi de Jovenel Moise nan yon tantativ koudeta te dwe jwenn sipò nan men kèk eleman kle nan leta ayisyen an.Li te dwe jwenn sipò lapolis .
Mesye Jaar te lonje dwèt Jouda li sou Frantz Elbé ki te yon ansyen konseye nan polis nan epòk la anvan li vinn aktyel DG ai PNH.
Nan yon reyinyon pou prepare konplo a, Mesye Jaar rakonte bay jounal la , Mesye Badio te rele Mesye Elbé, epi li te mande l pou l ede jwenn zam pou koudeta a. Mesye Elbé te reponn Mesye Badio ke li pa gen zam yo, men tou Elbe pat fè anyen pou eseye anpeche koudeta a rive, dapre jounal sa yo se pawòl Mesye Jaar san li pa bay prèv pou verifye koze sa yo.
konplotè yo te gen entansyon fè jij Kou kasasyon, Windelle Coq-Thélot, prete sèman nan kòm nouvo prezidan an.
Se nan fen mwa me Mesye Badio atravè yon zanmi komen rekrite m pou vinn patisipe nan konplo a.Li rakonte jounalis li te gen anpil degou pou prezidan an ki chak jou lap vinn pi otoritè e te enstore yon diktati,apre koudeta sa a li te espere li ta jwenn bon jan tretman pou biznis li yo nan men nouvo gouvènman an.
Li te deklare ke li te dakò rantre nan konplo a paske misye Badio ak lòt konplotè yo te di li kou a gen tout sipò Etazini ki te bouke ak Jovenl Moise sou sipoze lyen prezidan an te genyen ak teworis ak trafikan dwòg yo.
Mesye Jaar te di ke li pa konnen kiyès ki tap Mesye Badio lòd oswa kiyès ki tè jwet konplo a.
Si gouvènman ameriken an te enplike, Lè sa a, li te an sekirite," dapre Mesye Jaar .Jounal souliyen pa gen okenn prèv ki lye sispèk yo ak gouvènman Ameriken an, menn lè jounal rekonèt gen omwen sis sitwayen ak rezidan ameriken lapolis ayisyen akize yo patisipe nan konplo a.
Dapre Mesye Jaar Phantom 509, yon gwoup ansyen ak aktyèl polisye te gen misyon pou fè atak sou kay prezidan an li menn eksplike Mesye Badio te rankontre ak yon mann Phantom 509 pou diskite sou konplo a, men yon semèn anvan asasina a, pou rezon li te di li pa konnen Phantom 509 te rale yo kò nan dosye sa a.
Se apre Phantom 509 finn kraponen Mesye Jaar rankonte ansyen sòlda Kolonbyen yo, rantre sou sen lan ,misyon yo te gen anvan se te pou sekirize nouvo prezidan an, yo te vinn gen yen yon lòt misyon rantre kay prezidanl an.
Mesye Jaar te deklare ke li pa konnen ki jan plan pou arete Mesye Moïse te tounen yon plan pou touye prezidan ak 12 bal nan chanm li.
Men kèk minit apre asasina a, Mesye Jaar te di li te resevwa yon apèl nan men Germán Rivera, lidè mèsenè Kolonbyen yo."Rat la mouri," Mesye Jaar te di Mesye Rivera te itilize kòd sa a pou deziyen Jovenel Moise . Sa te vle di"Prezidan an mouri"
Jounal la raple Mesye Jaar, yon desandan imigran Palestinyen ki fèt Ayiti, te pase twazan nan yon prizon Ozetazini pou fè trafik kokayin. Lè l te retounen ann Ayiti nan mitan ane 2010 yo, li te di li te kite biznis dwòg la e li te kreye yon antrepris kap vann bèt volay nan kapital la, Pòtoprens
Atik Anatoly Kurmanaev Pou New York Times
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel