Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Save lamedsin Etazini reyisi mete kè yon kochon pou yon moun

Operasyon David Bennett, 57 lane

Operasyon David Bennett, 57 lane

Maryland , Etazini,Madi 11 Janvye 2022-Tinouvel.com  


Save lamedsin Etazini reyisi mete kè yon kochon pou yon moun


    Chirijyen ameriken yo reyisi operasyon mete kè yon kochon jenetikman modifye nan kò yon pasyan, yon bagay ki fèt pou premye fwa nan lemonn, daprè sa lekòl lamedsin Inivèsite Maryland te anonse Lendi 10 janvye a.


    Operasyon an ki te fèt Vandredi vin montre pou premye fwa li posib pou kè yon bèt kontinye fonksyone andedan kò yon moun san rejè imedya, daprè deklarasyon enstitisyon an fè.


    David Bennett, 57 lane, ki te resevwa kè kochon an, pat kalifye pou resevwa yon grèf moun. Kounye a doktè yo ap swiv li pou asire yo nouvo ògàn nan ap byen mache.


    « Se te swa lanmò oswa grèf sa a. Mwen vle viv. Mwen konnen sa te riske anpil, men se te dènye chans mwen, " dapè deklarasyon pasyan an ki abite Maryland yon jou anvan operasyon an.


    David Bennett ki pase dènye mwa yo nan kabann branche nan yon aparèy ki te kenbe l vivan deklare «Mwen pa ka tann pou m soti nan kabann mwen yon fwa m fin geri. »


    Ajans Ameriken Pwodwi Alimantè ak Medikaman (FDA) te bay otorizasyon l pou operasyon an lavèy nouvèl ane a.


Yves Pierre
CEO @RadioSapatann
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article