Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Sheila Cherfilus-McCormick ,premye ayisyen-ameriken ki rantre nan Kongrè Ameriken an

Sheila Cherfilus-McCormick premye kongreswoman  Ayisyen -Ameriken

Sheila Cherfilus-McCormick premye kongreswoman  Ayisyen -Ameriken

Miramar, Florid,mèkredi 12 anvye 2022-Tinouvel.com 


Sheila Cherfilus-McCormick ,premye ayisyen-ameriken ki rantre nan Kongrè Ameriken an ki soti florida


    Demokrat Sheila Cherfilus-McCormick ranpòte madi sa a eleksyon espesyal pou 20yèm Distri Kongrè a nan Eta Florid, Se te yon plas ki te vid  apre lanmò Rep. Alcee L. Hastings (D), e ede pati reprann majorite  a ak 222 syèj yo.


    Cherfilus-McCormick 42 zan, Avoka nan Miramar ak PDG yon   konpayi swen sante , te bat  fasilman kandida Repibliken Jason Mariner-.Cherfilus-McCormick te ranpòte eleksyon an  ak plis pase 44,600 vòt,  prèske 79% vòt yo.


    Ak Viktwa Demokrat sa a ,Sheila Cherfilus-McCormick  tounen premye  Ayisyen -Ameriken  nan Florid ki pral rantre nan Kongrè a, nan yon rejyon ki gen anviwon demi milyon moun ki se desandan ayisyen.


    Cherfilus-McCormick, 42, se sipòtè Medicare-for-all,  Green New Deal and immigration .Li pou ogmantasyon  salè minimòm $20   pa è ak yon  "chèk pèmanan" $1,000 "pou granmoun ki fè mwens pase $75,000 pa ane.


    20yèm Distri nan eta florid se yon zon a majorite moun nwa apepre 52% popilasyon.


    Distri a nan alantou Fort Lauderdale ak West Palm Beach, ou jwenn lòt kote tankou North Lauderdale, Lauderhill, Lauderdale Lakes, Tamarac, Miramar, Lake Park, Riviera Beach, ansanm ak yon pati nan Pompano Beach ak Sunrise. Distri a gen ladan tou Ayewopò Entènasyonal Palm Beach la.


Ronald LEON
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article