Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Xiomara Castro, premye fanm prezidan Ondiras, prete sèman e pwomèt « yon eta sosyalis ak demokratik. »

Xiomara Castro, premye fanm prezidan Ondiras,

Xiomara Castro, premye fanm prezidan Ondiras,

Ondiras, Samdi, 25 janvye 2022 -Tinouvel.com  


Xiomara Castro, premye fanm prezidan Ondiras, prete sèman e pwomèt « yon eta sosyalis ak demokratik. »


    Xiomara Castro prete sèman pou vin prezidan peyi Ondiras nan mitan jounen Jedi 27 janvye a nan yon seremoni nan estad nasyonal Tegucigalpa devan prezidan konteste palman an, Luis Redondo, diplomat ak envite etranje tankou Vis prezidan Ameriken an Kamala Harris, Wa peyi Espay nan, Felipe VI ak Vis prezidan Taiwann nan, William Lai, daprè enfòmasyon jounal La Prensa rapòte.


    « Mwen sèmante pou m rete fidèl ak Repiblik la, pou m respekte ak fè respekte Konstitisyon ak lwa li yo », se sèman sa Madanm Castro te fè nan prezans Luis Redondo, prezidan konteste palman ki te pase echap ble ak blan nan kou Madanm Castro ki vin ofisyèlman prezidan peyi Ondiras.


    Nan premye diskou chèf leta l, Prezidan Castro pwomèt pou mete kanpe « yon eta sosyalis ak demokratik » konsantre sou « edikasyon, sante, sekirite ak travay ». Renouvle pwomès kanpay elektoral li pou kwape trafikan dwòg yo, konbat kowipsyon ak enpinite ki kangrennen peyi Ondiras.


    Pou premye rankont ofisyèl li prezidan Xiomara Castro te chita pale ak vis-prezidan ameriken an, Kamala Harris.


Yves Pierre
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article