Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens ,Lendi 10 Janvye 2022-Tinouvel.com
Yon atik Anatoly Kurmanaev pou New York Times
Premye Minis ayisyen an te gen lyen sere ak sispèk ki touye prezidan Jovenel Moise lan
Apre yo te asasinen prezidan Ayiti , Ariel Henry ki te vin chèf gouvènman an, te toujou gen kontak sere ak youn nan prensipal sispèk nan asasina sa a- e li menn ak Joseph Felix Badio te toujou rete an kontak menm apre krim lan.
Akote kout fil ki te geneyn ant Mesye Badio ak Mesye Henry anvan ak apre asasina a , yo te pale sèt minit nan maten apre asasina a.New York Times ekri Mesye Badio te ale 2 fwa nan primati nan mitan lannwit malgre lapolis tap chache li kou chen fou.
Mesye Rodolphe Jaar, yon biznisman ayisyen ak ansyen trafikan dwòg ,youn nan prensipal sispèk admèt li te ede finanse ak planifye konplo a.
Mesye Jaar te dekklare ke li te kontribye anviwon $130,000 nan konplo a, li te ede jwenn zam yo epi li te bay 21 mèsenè Kolonbyen yo yon kote anvan yo ale nan kay prezidan apre minwi jou 7 jiyè a.
Mesye Jaar fè konnen se yon zanmi komen ak Badio ki te mete l an kontak ak mesye sa a ki te di l ,li gen bon jan relasyon konfyans ak Mesye Henry .Yon ti tan anvan asasina a, Mesye Jaar deklare Mesye Badio te di li ke Mesye Henry ka sèvi kòm yon alye itil apre yo finn kapote prezidan an ,"Li se bon zanmi mwen, mwen gen kontwòl li,"dapre sa Mesye Badio te rakonte Mesye Jaar .
Mesye Jaar te di Misye Badio te chèche èd nan men Mesye Henry pou l sove. Dapre Mesye Jaar, Mesye Henry te reponn ke "li ta ka pase kèk kout fil" san li pa pote plis prezisyon.
Apre asasina a, Mesye Jaar te di ke li menm ak Mesye Badio te toujou rete an kontak pandan yo t ap kache pou otorite yo, e li te di yo te kache nan menm kay an sekirite pandan plizyè jou apre asasina a.
Ki misyon konplote te genyen ? ki moun ki ta pral ranplase apre kou a? ki wol Frantz Elbe nan konplo sa a suit nan pwochen atik la
Atik Anatoly Kurmanaev Pou New York Times
Tradiksyon Ronald LEON pou -Tinouvel.com
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel