Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Afganistan: Plis pase 1,000 moun mouri nan yon gwo tranblemanntè

Kay tradisyonèl an labou ak kay an bwa yo pat reziste ak vyolans tranblemanntè a nan rejyon Paktika.
Kay tradisyonèl an labou ak kay an bwa yo pat reziste ak vyolans tranblemanntè a nan rejyon Paktika.

Kay tradisyonèl an labou ak kay an bwa yo pat reziste ak vyolans tranblemanntè a nan rejyon Paktika.

Kaboul, Afganistan, 23 Jen 2022 - tinouvel.com

Afganistan: Plis pase 1,000 moun mouri nan yon gwo tranblemanntè

Nan lannwit Madi 21 ak Mèkredi 22 jen an yon gwo tranblemanntè fòs 5.9 frape sidès peyi Afganistan e touye plis pase yon milye moun. 

« Nou deja konte yon total mil kadav, chif yo kapab monte plis paske nou toujou ap chèche moun anba dekonm yo, » dapre kominike pou laprès chèf Depatman Enfòmasyon ak Kilti Pwovens Paktika, Mohammad Amin Huzaifa. Pòtpawòl adjwen gouvènman an, Bilal Karimi, nan menm sans lan deklare: « Anpil kay andomaje e moun yo kwense andedan yo. »

Depi anviwon ven lane, se tranblemanntè ki touye plis moun nan Afganistan. Li frape apeprè 45 kilomèt nan sidwès vil Khost, kapital yon pwovens nan sidès peyi a, dapre Enstiti Seismolojik Ameriken (USGS), e li te gen yon pwofondè anviwon 10 kilomèt. Men, se nan pwovens Paktika, sou fwontyè ak Pakistan, ki gen pi gwo dega yo.

Yon dezyèm tranblemanntè fòs 4.5 te frape prèske menm kote a nan menm tan an, toujou dapre USGS.

Yon peyi kwense ant plizyè plak tektonik

Plizyè pwovens nan rejyon an te santi goudougoudou a, menm kapital la, Kaboul, ki twouve l ak 200 km nan nò episant lan.

Tranblemanntè toujou konn frape Afganistan, patikilyèman nan ranje mòn Hindu Kush ki kouche nan kwazman ant plak tektonik Erasyen ak Endyen yo. Nan katastwòf konsa gen posiblite pou gen gwo dega akòz mod kontriksyon kay riral Afgan yo.

Yves Pierre
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article