Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Aplikasyon kòd penal la repòte pou de ane anplis,anpil reyaksyon tonbe pou soutni demach

Aplikasyon kòd penal la repòte pou de ane anplis,anpil reyaksyon tonbe pou soutni demach

Pòtoprens, vandredi 24 jen 2022 - tinouvel.com


Aplikasyon kòd penal la repòte pou de ane anplis,anpil reyaksyon tonbe pou soutni demach

 

Gouvènman an plas deside Mèkredi nan Konsèy Minis la pou ranvwaye pou dezan aplikasyon kòd penal la ki te pwograme pou vandredi 24 jen sa a.

Konsèy Minis la te deside tou mete sou pye yon komisyon ki responsab pou fè konsiltasyon ak divès sektè nan sosyete a yon fason pou yo fè koreksyon ki nesesè nan 2 dokiman sa yo ki te lakòz konfli.

Reyaksyon yo ap tonbe apre desizyon pou ranvwaye antre an vigè nouvo kòd penal la menn jovenelis ki tap pote  kòd penal majorite popilasyon te voye jete   trouve desizyon sa a korèk e rekonèt kondisyon pou aplikasyon tèks la poko ranpli.


Se ta yon desizyon swisid si gouvènman Ariel Henry te kenbe antre an vigè nouvo kòd penal la vandredi 24 jen 2022 la, reyaksyon pòtpawòl OPL la, Danio Siriack, ki defann fòmasyon yon nouvo komisyon pou re-egzamine tèks sa a.

 

Ansyen senatè , Jean Renel Sénatus di li  te kontan apre desizyon e di li pare pou l patisipe gratis nan revizyon kòd penal la, li deklare li rekonèt nesesite pou l bay peyi a yon nouvo kòd pou ranplase sa ki an vigè a ki soti 1835.

 

Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

 
Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter
 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article