Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens ,23 jen 2022 -tinouvel.com
Ayiti-ensekirite
Revelasyon chòk dominiken Molaï Ortiz Mieses , alyas "Nèg atè a" manm gang "Ti Lapli"
Lapolis Nasyonal Ayiti te arete, vandredi 13 me 2022, nan 5èm avni Bolosse, Dominiken Molaï Ortiz Mieses , manm gang "Ti Lapli" a, li fè gwo revelasyon bay DCPJ.
Molaï Ortiz, 32 lane, te di envestigatè DCPJ yo ke gang ame kap teworize popilasyon an Ayiti yo tout genyen Dominiken nan ran yo,li site Kòm egzanp gwoup Izo "5 Seconds" nan Village de Dieu. Lòt gwoup gang gen koneksyon dirèk ak Dominiken yo.
Li fè konnen li te te 3yèm chèf nan gang Carlos Petit-Homme, alyas "Ti Makak", ki baze nan Laboule,nan komin Petion-Ville .
Nan revelasyon ak konfesyon li ,Molaï Ortiz di li komèt anpil zak kidnapin ak asasina, pou gang Carlos Petit-Homme, alyas "Ti Makak", pami yo asasina enspektè Divizyon Dan Jerry Toussaint, nan dat 1ye janvye 2022, nan Laboule 12.
Li revele ke yo te omwen uit (8) manm nan gang "Ti Makak" la, ki te gen anpil zam ak fizi daso ki te atake Backup sou komisarya polis Thomassin, kote yo te tire Jerry Toussaint ak yon bal nan tèt ak yon lòt nan kou .
"José Lito, de nasyonalite dominiken, Venel alyas Ti Blan, Tossou, Francilié, Dieu-Pifort, Hubert, se kèk nan akolit mwen yo ki te patisipe nan krim sa a", Ortiz Mieses te presize bay envestigatè yo.
Molaï Ortiz Mieses , alyas "Nèg atè a" bra dwat "Ti Lapli"
Kèk mwa apre, krim sa a ,chèf gang "Ti Lapli", k ap opere nan Grand-Ravin te rekrite dominiken Molaï Ortiz Mieses pou tèt li konn kondwi byen machin tout tèren (pick-ups, motosiklèt). Apre kèk mwa ,li te tounen bra dwat "Ti Lapli" ak Ery Joselus alyas Ti Georges.
Li te konfese li konn sèvi ak mwayen transpò sa yo , pou li komèt anpil ka kidnapin, vòl ak asasina pou gang "Ti Lapli".
Li te di envestigatè DCPJ yo “Si nou rive konte kantite grenn diri ki gen nan yon sak, nap ka konte tou Konbyen moun mwen kidnape ak touye,” .
Dominiken Molaï Ortiz Mieses , alyas "Nèg atè a" tabli ann Ayiti depi 10 lane.Lapolis dominiken te arete plizyè fwa nan peyi l.Pou kounye a li tap opere nan peyi dAyiti kote li te akolit plizyè chèf gang ki enplike nan plizyè ka Kidnapin ak sekestrasyon , asasina ak vòl.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter