Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Ekwatè: Deblozay mete nan nevyèm jounen protestasyon endijèn yo, yon moun mouri, lame menase pran pouvwa a

Ekwatè: Deblozay mete nan nevyèm jounen protestasyon endijèn yo, yon moun mouri, lame menase pran pouvwa a

Kito, Ekwatè 22 Jen 2022 - tinouvel.com

 

Ekwatè: Deblozay mete nan nevyèm jounen protestasyon endijèn yo, yon moun mouri, lame menase pran pouvwa a

 

Pliizyè milye endijèn peyi ekwatè te foule beton kapital la, Kito, ayè lendi 20 jen an ankò nan nevyèm jounen mobilizasyon kont lavi chè ak ogmantasyon pri gaz la.

Malgre gwo deplwaman lapolis ak entimidasyon, endijèn yo ki soti nan sid ak nò kapital la, te kòmanse yon mach pasifik nan sant Kito kote yo tap mande pou leta desann pri gaz la. 

« Nou se pèp la e nap rete sou beton an, isit la jouk mayi mi", dapre deklarasyon Victor Taday, yon manifestan 50 lane .  

Gwo lòbèy te pete lè lapolis ki te deplwaye anpil fòs ak gwo mwayen te tante kraze manifestasyon an ak kout gaz lakrimojèn, kanon dlo grate ak polisye sou cheval. 

Bilan yon moun mouri ak plizyè lèzòt blese. Okenn enfòmasyon pa di si gen blese nan kan polisye yo. 

Anplis pri gaz la, manifestan yo ki reponn apèl pou mobilize  Konfederasyon Nasyonalite Otoktòn Ekwatè yo (KONAEE), denonse chomaj kap pete fyèl yo, dezòd kap fèt nan konsesyon min nan teritwa endijèn yo, absans kontwòl pri pwodwi agrikòl yo ak yon renegosyasyon dèt peyizan yo ak bank yo.

Nan yon deklarasyon nan jounen madi 20 Jen an Minis defans Luis Lara ki te antoure ak chèf militè nan tout kò  anndan Lame avèti « Fòs lame yo pap aksepte okenn tantativ pou kraze lòd konstitisyonèl la oswa okenn aksyon kont demokrasi ak lwa Repiblik la.»

 

Yves Pierre
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

 

Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter

Ekwatè: Deblozay mete nan nevyèm jounen protestasyon endijèn yo, yon moun mouri, lame menase pran pouvwa a
Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article