Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Lagè nan Ikrèn Kremlin deklare 2 Ameriken yo te mare nan Ikrèn Konvansyon Jenèv pa pwoteje yo

Alexander Drueke ak Andy Huynh
Alexander Drueke ak Andy Huynh

Alexander Drueke ak Andy Huynh

Moskou,21 Jen 2022-tinouvel.com

 

Lagè nan Ikrèn

Kremlin deklare 2 Ameriken yo te mare nan Ikrèn Konvansyon Jenèv pa pwoteje yo

 

 

Moskou bay nouvèl sou de "mèsenè" Ameriken yo te kaptire pandan yon  batay nan Ikrèn .

 

Moskou :Alexander Drueke ak Andy Huynh se de ansyen "sòlda Ameriken yo te kaptire nan Ikrèn pandan yo  t ap goumen ak lame Kyèv la kont sòlda Ris yo e yo ta dwe "responsab pou krim  yo komèt ," dapre pòtpawòl Kremlin Dmitry Peskov te deklare Lendi nan yon entèvyou ak NBC News.

 

"Yo se mèsenè  e yo te enplike nan aktivite ilegal sou teritwa Ikrèn lan. Yo te enplike nan tire ak bonbade pèsonèl militè nou yo. Yo t ap mete lavi yo an danje,” Peskov te di NBC News an Angle.

 

Prizonye yo pa kouvri pa Konvansyon Jenèv yo, dapre Peskov

 

Lè yo te poze kesyon sou nati krim  yo akize de Ameriken yo , Dmitri Peskov admèt  Alexander Drueke ak Andy Huynh "yo dwe responsab pou krim yo te komèt", men yo  "dwe kontinye envestigasyon yo " pou yo wè pi klè  sepandan li asire ke  konvansyon Jenèv yo pa kouvri yo kòm prizonye degè. 


Yo poko konnen si wi ou non yo riske pèn lanmò a, "sa depann de ankèt la".

 

Washington mande gras pou  yo

 

Prezidan Ameriken Joe Biden te di nan dat 17 jen ke li pa konnen ki kote de mesye yo ye, 2 veteran ki te al jwenn lòt konbatan volontè etranje pou batay  ansanm ak lame Ikrenyen kont Ris yo .

 

 Nan yon konferans pou laprès, pòtpawòl diplomasi Ameriken an, Ned Price, ki tap  reyaji sou anons disparisyon 2 veteran yo  te mande pitye pou  yo : "Larisi  ak manm fòs lame  Ikrenyen gen sèten obligasyon  menn jan volontè ki soti nan yon lòt peyi ki rantre  nan fòs lame yo - yo ta dwe trete kòm prizonye degè an akò ak Konvansyon Jenèv yo.

 

Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

 
Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter
 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article