Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Nouyòk, Etazini, 22 Jen 2022 - tinouvel.com
Lagè nan Ikrèn. Dmitry Muratov vann meday Nobèl li a pou 100 milyon dola pou okipe timoun yo
103,5 milyon dola Ameriken, se pri sa jounalis editè Dmitry Muratov vann meday Pri Nobèl lapè li a ayè lendi 20 Jen 2022 a.
Dapre « Heritage Auctions », ki responsab vant sa ki tap fèt nan vil Nouyòk, moun ki achte meday la se nan telefòn li te fè of li a ki aksepte. Lajan sa pral jwenn UNICEF pou l kapab okipe timoun peyi Ikrèn yo lagè lage nan lari.
Dmitry Muratov, editè Ris jounal envestigasyon endepandan « Novaïa Gazeta » te genyen Pri Nobèl la an 2021, ansanm ak jounalis Filipino Maria Ressa, komite Nobèl la te onore yo « pou efò yo pou kenbe libète ekspresyon ».
Jounal « Novaïa Gazeta » ki te fonde an 1993 te fèmen pòt li nan fen mwa Mas lè li te sispann piblikasyon sou entènèt ak jounal papye li yo nan Larisi jouk yo mete yon bout nan lagè an nan Ikrèn.
Yves Pierre
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter