Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Lond, Wayòm Ini ,20 Jen 2022-tinouvel.com
Lond apwouve ekstradisyon Assange pou Etazini, WikiLeaks pral fè apèl e manm fanmi Julian Assange mande Ewopeyen yo pou yo bloke ekstradisyon sa a
Gouvènman Britanik la te bay lòd pou ekstradisyon nan peyi Etazini Julian Assange, an akò ak demann administrasyon Ameriken an, te fè, kote li ta fè fas a yon santans 175 ane prizon.
Yon jou nwa pou libète laprès ak pou demokrasi Britanik la. Yo pral fè apèl kont desizyon an," WikiLeaks te ekri sou rezo sosyal yo nan dat 17 jen.
Manm fanmi Julian Assange mande Ewopeyen yo pou yo bloke ekstradisyon li
Papa ak frè Julian Assange te di ke yo konte sou palman peyi Ewopeyen yo pou bloke ekstradisyon fondatè WikiLeaks soti nan Wayòm Ini al nan Etazini. "Mwen panse ke gen yon bon chans pou blolke ekstradisyon sa a.
Nou gen anpil sipò pami nasyon Ewopeyen yo,” Gabriel Shipton, frè Julian Assange di, pandan yon ti rale pou laprès nan New York 17 jen, devan Konsila Jeneral Britanik la. Gabriel Shipton akeyi "sipò nan men gwoup palmantè atravè Lewòp". Ansanm ak papa l ', John Shipton, Gabriel Shipton tou asire ke dosye a Assange "ta ale devan Tribinal Ewopeyen an pou dwa moun [ECHR]", nan Estrasbou.
Assagne jwenn sipò atravè mond lan Dapre John Shipton, " tout nasyon Ewopeyen an,nan palman yo Julian Assange gen sipòtè ", osi byen ke "nan tout nasyon Sid Ameriken tankou prezidan Meksiken an [Andrés Manuel Lopez] Obrador" ki sipòte l.
Ostralyen an ki gen 50 lane ,Ezetazini ap pouswiv ,li kapab pase 175 lane nan prizon pou tèt li te fofile nan laprès yon dividal dokiman konfidansyèl yo. Fanmi li ak sipòtè li yo kwè ke li te toujou yon jounalis ak yon defansè libète laprès ak ekspresyon.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter