Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Ni « tibobo » ni « Edner Day », chèf jent militè a revoke prefè ki koupe cheve élèv bakaloreya a

Chèf jent militè peyi Gine a, Kolonèl Mamady Doumbouya

Chèf jent militè peyi Gine a, Kolonèl Mamady Doumbouya

Gine, 20 Jen 2022-tinouvel.com

 

Ni « tibobo » ni « Edner Day », chèf jent militè a revoke prefè ki koupe cheve élèv bakaloreya a

 

Chèf jent militè peyi Gine a, Kolonèl Mamady Doumbouya, revoke youn nan prefè li yo, yo te filme kap koupe cheve de kandida bakaloreya pou tèt cheve yo twò long.

 

Zak sa rive samdi 19 jen 2022 a pandan élèv yo te chita trankilman nan sal ap tann egzamen kòmanse, Lyetnan-Kolonèl Ibrahima Douramoudou Keïta, ki se prefè Siguiri, ki tap vizite sant egzamen an rantre nan yon sal, fonse sou élèv yo, pran de ladan yo, rale tondèz li, devan tout klas la epi san okenn konsiderasyon, tonbe koupe cheve élèv yo, laperèz ak imilyasyon te anvayi. Si w konn epok Rock nan lise Tousen Pòtoprens oubyen Edner Day sou belè.

 

Nan de tan twa mouvman, videyo sa, pèsonn pa konn kiyes ki fè l e ki te endiye anpil entènòt, te vin popilè anpil sou rezo sosyal yo jiska gonfle yon mouvman ki mande epi jwenn revokasyon prefè a samdi nan aswè dapre yon dekrè Chèf Leta, Kolonèl Doumbouya, Lyetnan-Kolonèl Ibrahima Douramoudou Keïta, nimewo anrejistreman 18342G, ki te deja prefè Siguiri, revoke ak rann disponib pou wo etamajò lame a.

Se pa  ni  « tibobo » ni « Edner Day », peyi Gine bezwen pou elve jenn yo.

 

Yves Pierre
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

 

Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article