Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

OHDLP denonse  Silans absoli Gouvènman Ariel Henri sou vòl ki fèt nan Tribinal Premye Enstans Pòtoprens lan.

OHDLP denonse  Silans absoli Gouvènman Ariel Henri sou vòl ki fèt nan Tribinal Premye Enstans Pòtoprens lan.

Pòtoprens,17 Jen 2022- tinouvel.com


OHDLP denonse  Silans absoli Gouvènman Ariel Henri sou vòl ki fèt nan Tribinal Premye Enstans Pòtoprens lan.

 

    Obsèvatwa Ayisyen pou Dwa ak Libète Laprès (OHDLP)  deklare yo  endiye epi choke apre atak Bandi ame Vilajdedye yo te komèt nan Palè Jistis  nan kapital peyi Dayiti kote dosye enpòtan tap trennen sou lakou Palè Jistis la .

 

    Obsèvatwa Ayisyen pou Dwa ak Libète Laprès di li obsève jistis ayisyen an pa egziste ankò kote pleyan yo pa konnen kote pou yo jwenn jistis. 

 

    Pou OHDLP  atak gran jounen  Palè Jistis Pòtoprens lan pa inosan ,sa sanble se ta yon zak ki kòmandite  kote sèten dosye boule e li mande kote dosye  tankou asasina ansyen Prezidan Jovenel MOÏSE, Me Dorval, Jij Jean Serge JOSEPH ,dosye medikamn pwazonen afebril ak valodon  gwoup BOULOS te  fabrike  ki lakòz lanmò plizyè santèn timoun ayisyen ,Asasina Jean Leopold Dominique elatriye  ,pase pyès otorite pa di anyen.

 

    Obsèvatwa Ayisyen pou Lwa ak Libète Laprès kesyone silans repete ak pasivite otorite leta yo sou zak vandalis nan pi gwo jiridiksyon jidisyè Repiblik la kote bandi ki gen gwo zam pran kontwòl li.

 

    OHDLP fè  plizyè rekomandasyon tankou la polis dwe ranfòse prezan yo   devan tribinal depè nan tout jiridiksyon Kwadèboukè  ak zon metwopolitèn lan epi kreyassyon yon komisyon ankèt endepandan ak sèten òganizasyon sosyete sivil ak dwa moun yo pou yo ka fè limyè sou dosye sa a dapre direktè Egzekitif  òganizasyon , Journalist  Alex CALAS .


    Li sitou mande pou Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la (CSPN) ak Konsèy Siperyè Lajistis (CSPJ) pou yo pran tout responsablite pou egzije   leta rekipere batiman lajistis  sa a.

 

Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

 
Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article