Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pènye, Ayiti,20 Jen 2022-tinouvel.com
Pènye: Chèf gang Vitelhomme Innocent, kontinye ap defye otorite defakto yo
Omwen 2 machin boule, gang Vitelhomme paralize konplètman Pènye, Tòsèl, ak nan zòn tou pre li yo 72 èdtan apre iltimatòm li te bay gouvènman defakto a.
Byen bonè nan Lendi 20 jen anpil moun ak zam ap defile sou motosiklèt te deklanche yon veritab terè nan katye sa yo epi menase pasan ak chofè transpò piblik yo.
Vitelhomme Innocent, " te avèti otorite politik yo sou tout pou refi yo pou negosye ak li. Li te pwomèt pou l mete zòn Pènye an fe ak san si li pa ta patisipe nan inisyativ pou retabli lapè ak trankilite nan Komin Taba ak PetionVil .
Sitiyasyon tansyon sa a te kòmanse paralize dewoulman egzamen 9yèm ane ki te derape lendi maten an sou tout teritwa nasyonal la.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter