Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Gros-Morne , Latibonit ,22 jen 2022 -tinouvel.com
Yon ventèn moun tonbe malad apre yo fin konsome yon pwodwi ki te sanble ak farin frans
23 manm nan yon menm fanmi an te viktim nan yon anpwazònman aksidantèl Mèkredi 22 jen apre yo fin konsome yon sibstans ki sanble ak farin frans men ki anreyalite se yon poud ensektisid. Sa rive nan lokalite Kanpèch, nan , 3èm seksyon kominal Rivière Blanche nan Gros-Morne,dapre majistra komin lan .
Dapre Hubbert Seneac, manm komisyon enterimè vil la se nan yon sòs pwa yon moun ki tap fè manje te mete pwodwi ki te sanble ak farin frans e depi lè 23 moun yo te santi yon vant fè mal ,7 ladan yo nan yon eta kritik .
Pami viktim yo genyen kat timoun ak yon fanm ansent. Yo te transpòte yo nan lopital Alma Mater nan Gros-Morne pou resevwa swen ka yo bezwen an.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter