Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens, 27 jiyè 2022.-tinouvel.com
Ayiti-Jistis: Jij Walter Wesser Voltaire nonmen pou mennen ankèt sou dosye Me Robinson Pierre Louis
Jij Walter Wesser Voltaire nonmen pou mennen ankèt sou dosye Me Robinson Pierre Louis. Dwayen Tribinal premye enstans Pòtoprens ,Bernard Sainvil voye jete aksyon habeas corpus ki te fèt pou libere l. Jij Bernard Sainvil mande avoka Me Pierre Louis pou yo revandike dwa yo devan kabinè enstriksyon.
Me Robinson Pierre Louis, Sekretè Jeneral Konsèy Asosyasyon Bawo Pòtoprens ak Federasyon Bawo Ayiti, te jwenn aretasyon vandredi 22 jiyè 2022, apre Direksyon Santral polis jidisyè a ( DCPJ) te finn tande l.
Lajistis ap pouswiv li poutèt li te enplike nan liberasyon Fritz Jean Rélus ak Jonas Georges, yo te arete nan kad sezi zam ak minisyon, 1ye jiyè nan Ladwann Port-de-Paix. , Nòdwès.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter