Overblog
Editer la page Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Etazini rekonèt se solda Israyèl ki touye jounalis Shireen Abu Akleh men pa kwè yo te fè espre

Etazini rekonèt se solda Israyèl ki touye jounalis Shireen Abu Akleh men pa kwè yo te fè espre

Wachington, Etazini, 4 Jiyè 2022 - tinouvel.com

 

 

Etazini rekonèt se solda Israyèl ki touye jounalis Shireen Abu Akleh men pa kwè yo te fè espre

 

 

Peyi Etazini deklare jodi Lendi 4 jiyè a « gen anpil chans » pou bal ki touye jounalis Palestinyen-Ameriken Shireen Abu Akleh la soti nan yon pozisyon Izraelyen, men pa gen anyen ki montre se li menm ki te vize.

 

 

 

Ekspè Ameriken yo, Otorite Palestinyen an te konfye bal ki te touye korespondan vedèt Al-Jazeera a pandan li t ap kouvri yon operasyon militè Izrayelyen 13 me pase a nan Jenin, nan lès okipe a, pat ka rive jwenn okenn konklizyon definitif konsènan orijin pwojektil la, dapre deklarasyon pòtpawòl Depatman Deta a, Ned Price.

 

 

Yon nouvèl Izrayelyen ak Palestinyen pat akeyi menm jan. Eta jwif la ensiste sou lefèt li menm li te fè yon egzamen bal la, nan prezans ofisyèl sekirite Ameriken yo, menm si Otorite Palestinyen an te derefize konfye l bal la; bò pa l Ramallah denonse yon tantativ pou « kache laverite ».

 

 

« Nou pa aksepte tantativ pou kache verite a epi nou pa pè akize pèp Izrayèl la [...] ki gen responsablite pou asasina Shireen Abu Akleh », dapre yon twit Minis Palestinyen Afè sivil yo, Hussein al-Sheikh.

 

 

Dènye devlopman sa yo vini mwens pase dis jou anvan vizit Prezidan Joe Biden an Izrayèl ak Bann Gaza, teritwa Palestinyen Izrayèl okipe depi 1967, nan kad premye toune li nan Mwayen Oryan depi li antre nan Mezon Blanch lan.

 

 

Yves Pierre

 

tinouvel509@gmail.com

 

@ti_nouvel

 

 

Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter

 

 

 

 

Retour à l'accueil
Partager cette page
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :