Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Teheran, Iran, 5 Jiyè 2022 - tinouvel.com
Iran: Twa tranblemanntè touye senk moun ak fè plizyè douzèn blese
Senk moun mouri, plizyè douzèn lòt blese nan yon tranblemanntè ki pa fon men ki gen fòs mayitid 6 ki souke sid peyi Iran byen bonè Samdi 2 Jiyè pase, dapre yon premye rapò ajans nouvèl leta Irna pibliye. Dapre televizyon leta a, pou pipiti 49 moun blese apre twa tranblemanntè youn apre lòt te souke pwovens Hormozgan (sid), kite vilaj Sayeh Khosh ravaje.
Premye tranblemanntè a rive ozalantou 2 zè dimaten ak yon fòs 6 nan pwofondè 16 km, dapre Enstiti Seismolojik Etazini (USGS). De lòt replik te swiv li, de zè de tan pita, ak yon fòs 5.7 e 6, nan pwofondè 10 km, dapre menm sous la. Imaj televizyon montre plizyè bilding rezidansyèl atè nan Sayeh Khosh ak vil la ki plonje nan blakawout.
Nan Bandar Abbas, kapital pwovens kote yon demi milyon moun ap viv, moun pase nwit la nan lari apre tranblemanntè a epi liy devan estasyon gazolin yo disèt longè. Elektrisite tou te koupe nan prèske 30 vilaj ki sitiye nan zòn andomaje yo, toujou dapre televizyon leta a. Operasyon rechèch ak sekou yo prèske fini, dapre Kwasan Wouj.
Gouvènè pwovens lan, Mehdi Dousti, deklare 50% vilaj Sayeh Khosh detwi nèt.Goudougoudou an te fèt ak 100 kilomèt nan sidwès pò Bandar Abbas, dapre Enstiti Seismolojik Etazini (USGS).
Yon moun te deja mouri nan Novanm 2021 nan pwovens Hormozgan, lè de tranblemanntè 6.4 ak 6.3 te frape li. An 2003, yon tranblemanntè fòs 6.6 te detwi pasyèlman vil Bam (sidès) e li te touye omwen 31,000 moun. Men, tranblemanntè ki touye plis moun nan peyi Iran (40.000) te sekwe nò peyi a an 1990 e te gen fòs 7.4.
Yves Pierre
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter
--
Yves Pierre