Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Lond, Wayom Ini, 12 Jiyè 2022 - tinouvel.com
Kiyès ki pwal ranplase Premye Minis Boris Johnson eskandal yo pote ale
Apre so kabrit premye minis Boris Johnson fin pran nan men pati konsèvatè a nan Woyom Ini, politisyen yo antchoutchout pou konnen kiyes kap pran tèt pati a e tou vin lokatè biwo «10 Downing Street » la.
Onz kandida gentan parèt tèt a yo, ladan yo, Ben Wallace, Penny Mordaunt, Rishi Sunak, Liz Truss oswa Nadhim Zahawi. Dapre konesè lavi politik Britanik yo, senk kandida sa yo ta moun ki pi byen plase pou jwenn pòs la.
Kiyès yo ye?
Rishi Sunak, 42 zan, se ansyen Minis Finans gouvènman Boris la ki te pete lòbèy epi demisyonnen semèn pase. Li se premye pwa loud ki te antre nan kous la.
Liz Truss, 46 zan, se ansyen Minis gouvènman Boris la tou, li nan Zafè Eranjè. Anvan, li te Minis Komès Entènasyonal. Li popilè anpil nan baz pati konsèvatè a.
Sajid Javid, 52 zan, ansyen Minis sante. Se premye minis ki kouri kite PM Boris. Li te deja demisyone an 2020 nan pòs li kòm Minis Finans.
Penny Mordaunt, aktyèl Sekretè Deta pou Komès Etranjè a. Rezèvis Royal Navy, se premye fanm Britanik ki Minis defans (2019), yon pozisyon li te kite lè Boris Johnson pran pouvwa a.
Li gen 49 lane, se yonn nan moun ki te mennen kanpay Brexit la an 2016, li se tou yonn nan negosyatè akò komès yo.
Nadhim Zahawi, nouvo Minis Finans lan, gen respè Britanik yo pou siksè kanpay vaksinasyon Kovid li te sipèvize a. Depite, li se ansyen Minis Edikasyon (2001).
Lòt konpetitè chans yo parèt piti zwit devan pwa lou sa yo, se Minis transpò Grant Shapps, prezidan Komite Afè Etranjè Tom Tugendhat, ansanm ak avoka jeneral la - responsab pou konseye gouvènman an sou yon baz legal - Suella Braverman, ak ansyen Sekretè Deta pou Egalite Kemi Badenoch. Minis defans, gwo favori, Ben Wallace, te anonse Samdi li kraze yon kite sa.
Premye Minis Boris Johnson, eskandal ap bay pataswèl, deklare apremidi lendi 11 jiyè a li pap sipòte pyès nan 11 kandida yo pou kounye a. Aloske Mesyedam yo deja lage tout kò yo nan yon batay fewòs pou ranplase l.
Bagay serye yo ap komanse jodi madi a ak ofisyalizasyon kandidati yo. Pwosesis chwa a ap komanse mèkredi, lap pouswiv jedi jouk yo rive genyen sèlman de kandida, dapre komite 1922 a ki gen responsablite oganizasyon Pati Konsèvatè a.
BoJo pa premye PM pati konsèvatè a rale pye sou pouvwa a. Margaret Thatcher, « jipon fè », David Cameron, te sibi menm sò a.
Chanèl televizyon Sky News deja anonse yon deba ant kandida yo 18 jiyè. Ann pran ti chèz ba nou.
Yves Pierre
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter