Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Miami, Florid 18 out 2022.- (tinouvel.com)
Analys ak Opinyon :Pouki sa bridsoukou Etazini vle pran nouvo nezi pou kwape Trafik Zam ak Ayiti ?
Majorite Ayisyen sezi tande ak wè ,depatman Sekirite Nasyonal Etazini òganize yon konferans pou laprès nan Miami Mèkredi 17 out la pou anonse mezi yap pran pou kwape trafik zam kap fèt ant Etazini ak Ayiti ,dapre vwa lamerik (VOA).
Plizyè enstitisyon ameriken tankou ATF, Lapolis Miami Dade ak Minis Jistis Etazini patisipe nan konferans sa a bò kote Depatman Sekirite Nasyonal, (HSI),pou di yo konstate" kounye a" genyen yon gwo trafik zam ilegal ant Etazini ak Ayiti kap ogmante .
Ajan Salisbury konstate se zam gwo kalib tankou zam sniper kalib 50 , epi mitrayèt" kap antre nan peyi a.E pirèd "je yo louvri pou wè" zam sa yo gen kapasite pou yo koze anpil dega.
Ayiti sou anbago,zam toujou rantre a gogo
Depi fen ane 1990 yo Ayiti anba anbago sou zam , se Etazini ki te mete l apre koudeta nan san militè yo te fè kont Prezidan Jean Bertrand Aristid,men malgre restyriksyon sa a zam tout kalib toujou kontinye rantre nan peyi a, e gran majorite zam ilegal yo soti nan Sid Florid .
Sèvis La Dwan ak Pwoteksyon Fwontyè Etazini pou rejyon Miami te yon veritab paswa pandan 30 dènye ane ki sot pase la .Enstisyon ameriken yo ta kite komès sa a fèt san two gwo sipèvisyon ?, paske la lwa ameriken pa entèdi moun achte zam depi ou ka montre yon lisans federal pou sa a okenn verifikasyon pa nesesè pou destinasyon reyèl yo .
Yo pa bezwen konnen si se pou chase gwo jibye ou byen al depoze yo nan men gang ann Ayiti pou teworize popilasyon an.Komès sa a pa gen moral ,li avèg depi li respekte prensip kapitalis òf ak demand lan.
Pandan 30 lane ki sot pase yo otorite ameriken yo pat fè okenn efò pou bloke ekspòtasyon zam ilegal nan pò ameriken. Ladwan pat enspekte kago ak koli kap pase swa sou bato ou byen nan avyon an diresyon Ayiti, se te lekòl lage ,baryè lib pou zam ilegal rantre san bri san kont sou teritwa ayisyen .
ki sa ki chanje nan politik ameriken?
Li enposib pou konnen ki kantite zam ilegal ki deja rantre nan peyi a pandan 30 dènye ane yo e anpatikilye sou 10 zan administrasyon PHTK Marthelly et Moise .Desantan lapolis ak ladwan ayisyen ap sezi kèk kantite zam ak minisyon.
GunPolicy.org ,(yon sit kap bay enfòmasyon peyi pa peyi sou zafè zam afe ) , te estime an 2017 Ayiti gen yen yon total 291,000 zam afe (legal kou ilegal) ki te nan men sivil yo.
4 tran apre CNDDR, te di an 2021 te genyen 500,000 zam ilegal ki an sikilasyon sou teritwa a ak plis pase 3,000 moun ame ki afilye ak yon gang yon ogmantasyon ,apeu prè 58,20% .
ki sa ki chanje nan politik ameriken pou te bloke trafik sa a?an reyalite anyen menn depi 17 avril 2009 Etazini te mete kanpe Inisyativ Sekirite Basen Karayib la (Caribbean Basin Security Initiative, CBSI), yon plan Daksyon pou Koperasyon nan zafè Sekirite ant peyi nan Karayib la ak Etazini; yon seri aksyon kap pèmèt Eta Karibeyen yo batay kont krim ak vyolans nan Rejyon an.
Caribbean Basin Security Initiative, CBSI ap travay pou redui trafik ilegal ti zam ak gwo zam , ogmante sekirite, ak anpeche Krim ak vyolans kay jèn moun.
12 apre okenn nan objektif sa yo pa rive atenn, pandan toutan sa a kote ameriken te ye? se kesyon sa a Pierre Esperance poze pou montre ti souke kò administrasyon ameriken an pa inosan se rezilta batay òganizasyon dwa moun yo te fe pou te denonse Etazini kòm pwen depa trafik zam ak minisyon ki pat fè anyen pou te anpeche tout kantite zam yo rantre ann Ayiti
Anpil obsèvatè ap mande pou ki sa se jodi a otorite ameriken deside sèvi ak tout zouti yo genyen a la dispozisyon yo pou idantifye e sezi zam, pyès pou zam ak minisyon an destinasyon Karayib la anpatikilye ann Ayiti? .
Eske sa lye ak kidnapin ame 16 sitwayen ameriken ann Ayiti ane pase a? Eske chanjman sa yo rantre nan kad pwosesis pou twoup etranje debake nan peyi a?,dapre seten obsèvatè avize.
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
sous:VOA, Miami Herald,vision 2000
Anbasad Ameriken Ayiti,GunPolicy.org
Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter