Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Ayiti-Trafik zam:Lapolis arete kontab Legliz Episkopal Ayiti

Jean Gilles Jean Mary, kontab Legliz Episkopal Ayiti

Jean Gilles Jean Mary, kontab Legliz Episkopal Ayiti

Pòtoprens, Ayiti, 25 Dawout 2022.- (tinouvel.com)

Ayiti-Trafik zam:Lapolis arete kontab Legliz Episkopal Ayiti

Jean Gilles Jean Mary, kontab Legliz Episkopal Ayiti, te jwenn arestasyon l, madi 23 out 2022 la nan kad dosye nan trafik zam ak minisyon nan waf Otorite Pòtyè Nasyonal (APN) ki enplike legliz sa a.


Lapolis dekouvri plizyè dokiman ki  soti depi 2017 pou rive 2021 kontab la te siyen pou bay  otorizasyon pou debouse lajan ki soti nan kont Legliz Episkopal la pou ale sou kont yon trafikan zam entènasyonal,Direksyon Santral  nan Lapolis Jidisyè. (DCPJ) ap aktivman  chache.


Pou le moman, kontab Jean Gilles kenbe nan prizon jiskaske yo transfere l bay otorite konpetan nan zafè a.


Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter
 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article