Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens, Ayiti, 23 Dawout 2022.- (tinouvel.com)
Me Robinson Pierre Louis, Sekretè Jeneral Bawo Pòtoprens ap toujou rete nan prizon
Tribinal koudapèl la deside madi 23 out 2022 e DCPJ te arete legalman Me Robinson Pierre Louis epi li bay lòd pou l kontinye kenbe nan prizon.
Lapolis te arete Me Robinson Pierre Louis, Sekretè Jeneral Bawo Pòtoprens e ansyen manm kabinè Minis la Jistis pou swadizan patisipasyon li nan trafik zam ak minisyon.
Youn nan avoka li ,Me Reynold Georges anonse avoka a pa t lage e lajistis ap toujou kenbe nan prizon malgre aksyon habeas corpus la.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter