Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens, 17 out 2022.- (tinouvel.com)
Trafik zam: DCPJ kenbe Pè Frantz Cole "yon ti tan apre odisyon li
Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) kenbe Pè Frantz Cole mèkredi 17 out 2022 sa a apre li fin ale nan yon odyans anrapò ak chajman zam ak minisyon yo te dekouvri nan Ladwàn Pòtoprens.-nan mwa Jiyè pase a dapre gazettehaiti.
Apre li te boude de envitasyon, lajistis Pòtoprens atravè komisè gouvènman an nan tribinal premye enstans te konvoke prela a pou parèt nan DCPJ samdi. Malgre avetisman sa a , chèf Legliz Episkopal Ayiti a pat mete pye pou yon twazyèm fwa.
Mèkredi sa a, li te prezante tèt li bay direksyon santral la polis jidisyè (DCPJ) epi yo kenbe apre odyans lan ."yo pa te arete men pito yo kenbe. Manda arestasyon li a pa te egzekite, "dapre sous anonim nan Biwo komisè gouvènman gazettehaiti te kontakte .
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter