Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Ayiti-Jistis Aktivis politik Nicholson Pierre alyas Bab arete epi lage san lajistis pa tande l

Aktivis politik Nicholson Pierre alyas Bab

Aktivis politik Nicholson Pierre alyas Bab

Pòtoprens, 5 oktòb ,2022 - tinouvel.com


Ayiti-Jistis
Aktivis politik Nicholson Pierre alyas Bab arete epi lage san lajistis pa tande l


Sibtiti komisè gouvènman Jeanty libere Aktivis politik Pitit Dessalines Nicholson Pierre alyas Bab san li pa reyèlman tande l akòz yon foul moun ki te rasanble nan lakou du Pakè sou Lalue, li te pratikman enposib pou fè yon bon odyans.


"Ale , kontinye fè travay ou men pi modere" se   senpleman sa Komisè Jeanty   responsab dosye a te di previni san bri san kont ,dapre GazetteNews Haiti.


Aktivis politik Nicholson Pierre alyas Bab te arete Lendi 3 oktòb e te ale nan penitansye san yon jij pat tande li e libere san lajistis kontinye pa tande l.


Lapolis te arete  pandan yon manifestasyon, komisè gouvènman an Jacques Lafontant te repwoche  li ta fè menas kont Premye Minis Ariel Henry ak Minis Zafè Etranje a Jean Victor Généus.


Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter
 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article