Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Gad fwontyè dominiken arete  Milien Mildrene Manessa, madanm vis-delege Belladère Yvanosky Joachim ak yon kagezon  ilegal  22,160 katouch 

Milien Mildrene Manessa, madanm vis-delege Belladère Yvanosky Joachim
Milien Mildrene Manessa, madanm vis-delege Belladère Yvanosky Joachim

Milien Mildrene Manessa, madanm vis-delege Belladère Yvanosky Joachim

Elías Piña, Repiblik Dominiken ,8 Novanm 2022 - tinouvel.com

Gad fwontyè dominiken arete  Milien Mildrene Manessa, madanm vis-delege Belladère Yvanosky Joachim ak yon kagezon  ilegal  22,160 katouch 


Madanm vis-delege komin Belladere ann Ayiti ,Yvanosky Joachin ,jwenn arestasyon madi sa a nan yon machin ki chaje ak minisyon nan Elías Piña an Repiblik Domiikèn ki tap pran direksyon Ayiti.


Milien Mildrene Manessa  t ap vwayaje ak yon lòt dam ansanm ak  yon ti fi ki gen anviwon dezan. Yo te nan  yon SUV Lexus  blan  ak nimewo plak ayisyen FF 01302 ki te genyen yon kagezon 22,160 minisyon pami yo 12,000 katouch kalib 7,62 mm ak plizyè kalib dapre  jounal dominiken Listin Diaro.


Dapre yon sous totalman kredib, veyikil  gen antre soti nan Comendador, nan Elías Pinas kote  vis delege Belladère Yvanosky Joachin al rete ak fanmi li  pou chape anba ensekirite  annAyiti.Pou machin sa a te rive nan zon kote yo arete yo ,li te oblije evite  omwen senk pòs militè e fwa sa a gad yo te deside fouye machin lan pou te dekouvri gwo kagezon .


Yvanosky Joachin   ansyen kandida  majistra Belladère  sou banyè   PHTK debake ak anpil sezisman nan lokal  Kò Espesyalize pou Sekirite Fwontyè Tè yo  (CESFronT)  e li te deklare li pa konnen anyen nan sa ki te pase a.


Ronald Leon 
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter
 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article