Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Gonayiv , Ayiti, 15 me 2023 - tinouvel.com
4 Prezime bandi anba kòd nan Gonayiv pami yo Junior Barthélémy alyas Aboulò
Lapolis nan vil Gonayiv arete dimanche swa , Junior Barthélémy alias Aboulò anpil moun konsidere kòm pwòch ansyen senatè Youri Latortue sou akizasyon asosyasyon malfektè, asasina ak boule palè jistis la.
Dapre Radio Tele Pyramide FM, lapolis arete Aboulò ak ansanm ak 3 lòt moun ki te akonpaye li: Anesca Emmanuel ki ta yon ansyen polisye, Ady Gaston ki ta yon anplwaye ONA nan vil la ak Poristène Biron.
Arestasyon sa yo fèt nan otèl bar restoran dansan Cassandra ki sou wout Bienac la. Pandan operasyon sa a ,ajan PNH Gonayiv yo sezi 3 zam ak tout telefòn prezime bandi yo.
Junior Barthélémy alyas Aboulò ,Anesca Emmanuel, Ady Gaston ak Poristène Biron nan komisarya Toussaint Louverture an, an atandan yo parèt devan jij natirèl yo.
Nap siyale, Aboulò te gen yon avi rechèch lapolis te mete dèyè li depi yon bon bout tan men ki pat janm kapab ekzekite.
Sous Radio Tele Pyramide FM
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter