Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Madrid ,Espay 22 me 2023 - tinouvel.com
Iglesias Villanueva, abit VAR Valans -Real la revoke.
Federasyon foutbòl Espay ak komite teknik abit revoke Iglesias Villanueva pou pèfòmans li nan VAR nan dènye match l Real Madrid kont Valencia,
Li pap yon abit VAR ankò, tankou 5 nan kòlèg li yo ki te responsab videyo a.
Iglesias Villanueva te montre abit prensipal la videyo sèlman reyaksyon Vinicius a e pa t voye videyo Hugo Duro tap toufe brezilyen an.Ak move pratik sa a abit prensip te bay Vinicius yon kat wouj.
Desizyon federasyon an se premye mezi ki te pran apre epizòd rasis la ke foutbolè brezilyen an te viktim nan estad Metalla.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter