Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Jean René Seac alias B.E.T, demanti enfòmasyon lapolis nan Miyami te arete l men konfime lapolis te kanpe l sou wout.

Jean René Seac alias B.E.T komedyen

Jean René Seac alias B.E.T komedyen

 

Mayami, Florid, 22 me 2023 - tinouvel.com


Jean René Seac alias B.E.T, demanti enfòmasyon lapolis nan Miyami te arete l men konfime lapolis te kanpe l sou wout.


Nan yon live via Instagram, jedi 18 me a, Jean René Seac alias B.E.T, demanti enfòmasyon apre jounal Le floridien news ki te anonse  lapolis nan Nò Miami te arete pandan li tap kondui tou sou.


"Kounya depi w pale ak yon polisye ki kanpe’w se arete l arete’w ”, pawòl Jean René Seac alias B.E.T te  ajoute nan menn live sa a, yon pawòl ki konfime lapolis te kanpe li san li pa bay pou ki sa yo te kanpe l.

E lè lapolis kanpe ou apre yon tyèk woutin sou lisans ak asirans ,sou fason ou tao kondui polisye  ka deside pase yon  tès pou wè ki nivo alkòl nan san  e si ou  pa pase tès  sa a, ofisye polis la gen dwa arete ou, mennen ou nan yon  komisyara epi lage l apre kèk èd tan apre ou  finn desou selon lalwa nan Florid pou delenkan kap kondui tou sou.


Atansyon pa kapon ,si ou  sou pa kondui.


Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter
 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article