Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Zurich, Swis, 24 me 2023 - tinouvel.com
Move Nouvèl Nouvèl Lanmò :Tina Turner mouri,Ki sa li te genyen menn ?
Gwo sipèsta chantèz soul Ameriken an, dansè ak aktris, Tina Turner mouri mèkredi 24 me 2023 nan Swis. Li te gen 83 an.
Tina Turner mouri. Nouvèl la te tonbe nan mitan jounen mèkredi 24 me 2023. Nan yon deklarasyon , pòtpawòl li te pibliye nan Sky News li te anonse zetwal entènasyonal la "deplase nan lapè jodi a a laj 83 zan apre yon long maladi ,lakay li nan Küsnacht toupre Zurich, peyi LaSwis. ".
Sa nou dwe konnen, an 2018, Tina Turner te anonse bay piblik la li tap soufri ak yon kansè entesten yo te dyagnostike an 2016. Nan kad batay li kont kansè sa a, chantèz a te gen fè yon transplantasyon ren an 2017. Men pa gen okenn sous ofisyèl ki konfime lyen ki genyen ant kansè li an ak lanmò l.
Yon ti Kout biyografi
Tina Turner se te youn nan atis ki pi popilè nan mond lan . Anna Mae Bullock, non reyèl li, te vann prèske 200 milyon albòm. "Avèk li, mond lan pèdi yon lejand nan mizik ak yon icon," te ekri pòtpawòl li nan yon deklarasyon .
Anna Mae Bullock te fèt 26 novanm 1939 nan Nutbush, Tennessee, Etazini. Li se pitit fi Zelma Currie ak Floyd Richard Bullock, yon travayèz ak yon kontremèt, e li te grandi nan yon anviwonman modès.
Ike Turner, ki te mete l 'sou sèn epi li te vin konseye li, manadjè li, aprè sa a, mari l'. Se li menm ki te transfòme jenn Anna a nan "Tina", an referans a Sheena, larenn forè a ki te parèt nan yon magazin Britanik nan fen ane 1930. Tina Turner te kale.Li te gen 2 pitit konsa tou lè 2 mouri.
Apre move relasyon ak divòs an 1978 ak Ike Turner, Tina Turner te rankontre 1985, nan Zurich Erwin Bach ki te 30 lane te yon pwodiktè Alman, Tina te gen 46. Koup la marye 21 jiyè 2013 nan yon chato yo te genyen an Swis, toupre nan Zurich, trant lane apre premye rankont yo.
Tub Tina Turner: The Best.
What's Love Got to Do with It
Proud Mary
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter