Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Madrid ,Espay , 24 me 2023 - tinouvel.com
Rasis nan La Liga: Real Madrid ap abiye an Vini Jr 20 jodi a.
An solidarite ak Vinicius Jr Real Madrid anonse ofisyèlman tout ekip la ap abiye ak mayo Vini Jr 20 nan match kont Rayo Vallecano pou pwoteste kont konpoòtman rasis ak pawol rayisman sipoòtè Valans yo nan estad la nan Mestalla.
Real Madrid espere atak rayisman ak rasis yo dwe elimine pou tout tan nan sosyete nou an dapre nòt la .
Federasyon Espayòl te deside anile kat wouj yo te bay jwè Real Madrid la pandan match kont Valans dimanch swa, yo sispann 5 abit , tribin fèmen pou senk match ak amann pou Valans.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter