Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Tantativ asasina sou jij Jean Wilner Morin sou wout frè 

Jij Jean Wilner Morin

Jij Jean Wilner Morin

Petionvil ,17 me 2023 - tinouvel.com


Tantativ asasina sou jij Jean Wilner Morin sou wout frè 


Endividi yo pa rive idantifye louvri kout zam sou machin jij Jean Wilner Morin  responsab plizyè dosye sansib pami yo dosye Edwine Tonton ki enplike nan koripsyon nan kès asistans sosyal CAS.


Machin majistra a te sibi yon  atak ame a midi mèkredi 17 me 2023 sou wout Frè  zone one stop market nan komin Pétion-Ville.


Veyikil la te resevwa omwen trèz katouch ,men Jij la pa t nan machin an nan moman atak la e pat gen okenn ki te rive blese nan moman atak la dapre plizyè sous. Lapolis te entèveni a tan epi te mete majistra an sekirite.


Depi plizyè semèn, majistra Jean Wilner Morin ap sibi gwo menas lanmò ak entimidasyon.


Menas yo te entansifye nan semèn ki sot pase yo depi lè yo te chwazi  jij la pou  ankete sou gwo dosye sansib , an patikilye, dosye ki gen rapò ak eskandal koripsyon ki enplike ansyen direktè jeneral administrasyon jeneral la dwan  (AGD), Romel Bell ak direktè kès   asistans sosyal la. (CAS), Edwine Tonton.


Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article