Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Uscis  fè yon Mizajou nan  pwogran Biden la: Premye antre, premye ak chwazi  Fòm I-134A yo owaza se 2 modèl sa yo USCIS ap itilize pou diminye kantite tan moun ap tanm pou konfimasyon

Uscis  fè yon Mizajou nan  pwogran Biden la: Premye antre, premye ak chwazi  Fòm I-134A yo owaza se 2 modèl sa yo USCIS ap itilize pou diminye kantite tan moun ap tanm pou konfimasyon

Washington ,18 me 2023 - tinouvel.com


Uscis  fè yon Mizajou nan  pwogran Biden la: Premye antre, premye ak chwazi  Fòm I-134A yo owaza se 2 modèl sa yo USCIS ap itilize pou diminye kantite tan moun ap tanm pou konfimasyon


Apati 17 me 2023  pwosesis revizyon dosye nan pwogranm Biden  pou Kiben  Ayisyen, Nikaragweyen, ak Venezyelyen yo pral chanje dapre yon nòt U.S. Citizenship and Immigration Services  ,USCIS .


USCIS anonse li pral chwazi pa aza mwatye nan  30,000 otorizasyon vwayaj ki disponib chak mwa  , kèlkeswa dat  sipòtè potansyèl yo te soumèt Fòm I-134A yo , sou tout kantite dosye yap  travay pou detèmine ki ka ki ka konfime. 


Lòt mwatye nan Fòm I-134A ap revize selon lè yo te soumèt dosye yo a dapre metòd premye antre, premye soti, ki bay pi ansyen fòm I-134A yo priyorite pou revize.
USCIS presize toujou , yo deside pran mezi paske kantite sipòtè ki te soumèt Fòm I-134A pi wo pase 30,000 otorizasyon vwayaj ki disponib chak mwa yo.E pou ofri tout benefisyè  Fòm I-134A  menn chans e yon fason ekitab nan avansman pwogram  chèche otorizasyon davans pou vwayaje nan pwogram Biden lan.


Nan menn nòt la USCIS mande pou sipòtè potansyèl yo pou yo pa  soumèt yon lòt  Fòm I-134A pou menm benefisyè a. Nou p ap aksepte yon doub  Fòm I-134A  de yon menn sipòtè  pou yon menn   benefisyè pandan li tap yon repons yo te presize nan nòt la .


Si yon te sipòtè deja soumèt yon Fòm I-134A pou yon benefisyè e si  nou pa konfime l , men yon sipòtè kwè  li ranpli kondisyon yo pou yo vin yon sipòtè nan pwosesis la, yo ka depoze yon nouvo Fòm I-134A epi soumèt prèv ak enfòmasyon adisyonèl dapre avi USCIS la.


Pwosesis revizyon ajiste a a , ap pèmèt  tan pwosesis  varye. Sipòtè potansyèl yo ka kontwole estati yon Fòm I-134A yo te ranpli sou kont USCIS   yo a ak sou Entènèt nan  Case Status Online .


Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter
 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article