Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Valans ,Espay 22 me 2023 - tinouvel.com
Vinicius Jr Star Real Madrid deklare ase se ase kont rasis nan la liga lan,mond foutbòl pote solidarite yo bay brezilyen an.
Fanatik Valans yo te trete star Real Madrid la, Vinicius Jr ,kòm yon makak pandan yon bout tan nan match Dimanch lan nan estad Mestalla nan Valans .
Konpòtman Fanatik Valans yo tou mete tou touni echèk La Liga nan batay pou elimine rasis. Atakan brezilyen 22 lane te reaji prese sou rezo sosyal e li te ekri: "Rasis se nòmal nan La Liga," li te ekri toujou. "Konpetisyon la liga panse li nòmal, federasyon an tou ak advèsè yo ankouraje li."
"Chanpyona a ki te gen Ronaldinho, Ronaldo, Cristiano Ronaldo ak Lionel Messi, kounye a se pou rasis yo."
Pawòl sa yo Vinicius Junior te pibliye sou rezo sosyal yo apre yon lòt epizòd chokan ak gwo lapenn nan istwa pwoblèm rasis nan foutbòl Lespay dimanch swa.
Sa fè èmyèm fwa Vinicius Jr tonbe anba men rasis yo sa ki te pase nan Valans se dènye gout dlo ki ranfòse fristrasyon Vini Jr epi mete sou move jan otorite yo te abitye abòde sijè sa a, kounye a star Real Madrid la gen dout sou avni l nan klèb la paske li pa santi yo sipòte. Li santi se yon batay yo te kite l pou mennen pou kont li.
Reyaksyon tou patou nan mond lan pou sipòte Viní Jr
Apre match la, antrenè Real Carlo Ancelotti se premye moun ki denonse gen "yon pwoblèm rasis" nan La Liga. Apre sa a, sipò pou Vinicius soti nan tout mond lan eksepte prezidan an Lig Panyòl, Javier Tebas, li refize moun "teni imaj la La Liga, (...) anrepons ak twit Vini jr yo.
"Nouvo epizòd rasis nan La Liga, yon lòt fwa ankò Vini se viktim lan", okontrè pou Ronaldo, gwo lejand Seleçao a. "Sa a pral dire toutotan enpinite ak konplisite" ap pèsiste. "Nou dwe rete jwèt la epi ale lakay nou," te deklare antrenè FC Barcelona Xavi.
Kylian Mbappé,Neymar te pran pozisyon tou pou sipote Vini Jr. Prezidan Brezilyen Lula pote tout soutyen li bay Vini Jr.
Gouvènman brezilyen an reaji nan yon twit :"Nou refize yon nouvo atak rasis kont Viní Jr. Nou pral enfòme otorite Espayòl yo ak La Liga. Gouvènman brezilyen an PAP tolere rasis ni isit la ni aletranje. Nou pral travay pou chak atlèt nwa ka jwe pou pa fè eksperyans sa a.
Ajan Viní Jr a sou IG: “Depi ou se yon Jwè nwa a yap mete yo deyò men yon blan se pa kounye a! Nan peyi Espay, menm VAR se yon rasis.
Prezidan Real Madrid Florentino Pérez te rankont Vini Jr pou montre l sipò ak afeksyon, li enfòme l tout mezi yo pran pou defann li epi konfime l ke Klèb la pral lwen nan batay kont sitiyasyon rasis repiyan nan Liga a.
Luis Rubiales, prezidan Federasyon Panyòl la, voye jete piblikman Pawòl Javier Tebas nan yon konferans pou laprès: "Mwen mande w pou w inyore konpòtman irèsponsab prezidan La Liga ki ale sou rezo sosyal yo pou angaje yo nan yon deba ak yon jwè ki te resevwa kèk èdtan anvan, anpil jouman rasis. Dirijan yo pa la pou plenyen sou rezo sosyo yo, men pou rezoud pwoblèm yo. Yo te atake jwè sa a seryezman e se pat monan pou te pale konsa."
Lajistis epi Lespay louvri yon ankèt Lendi sa a, yon jou apre jouman rasis sa a yo te pwononse kont Vinicius. Biwo pwokirè Valans lan, sou pwòp inisyativ li, louvri yon envestigasyon pou "krim rayisman" nan Kategori kriminèl sa a gen ladann jouman rasis.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter
The real reason why Spanish people hate Vinicius Jr. pic.twitter.com/MAdEueXobl
https://twitter.com/Troll__Footbal/status/1660615456984629252