Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Okap, Ayiti ,22 me 2023 - tinouvel.com
Yon jen gason 30 tan mete dife sou tèt li devan moniman Vètyè
Karl Audson Azor 30 tan te boule pwòp tèt devan moniman Vètyè nan okap jou dimanch 21 me san yo pa konnen pou ki rezon li te aji konsa .Li te vide gasoline ak pase yon aliminèt sou li pandan li te chita sou yon chèz,dapre kèk temwen.
Apre eveneman trajik sa a ,moun yo te dekouvri bò kadav la kèk efè pèsonèl Karl Audson Azor tankou yon valiz, yon bòt ak yon drapo Ayiti ayisyen ble ak wouj .
Karl Audson Azor te fèt 4 fevriye 1993 nan vi Okap nan depatman nò selon kat idantifikasyon nasyonal li. Jiska prezan otorite nan vil okap yo poko janm di anyen .
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel