Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Espò-Foutbòl Gwo salè, avyon prive, 3 machin liksye.. tout avantaj  Neymar pral jwi nan Arabi Saoudit

Neymar jr ak mayo Al-Hilal

Neymar jr ak mayo Al-Hilal

Arabi Saoudit ,Vandredi 18 Out 2023 - tinouvel.com

Espò-Foutbòl
Gwo salè, avyon prive, 3 machin liksye.. tout avantaj  Neymar pral jwi nan Arabi Saoudit


klib Arabi Al-Hilal rekrite yon zetwal foutbòl entènasyonal. Li pran Neymar Jr kote direksyon PSG te vle  mete atakan brezilyen deyò nan Paris.Pou atire jwè a, klib Arabi a te oblije louvri bous  li  men lajè, pou te vide  benefis XXL sou do Ney tankou yon salè gwo, yon avyon prive ak yon pakèv kichòy dapre  Foot Mercato.


Brezilyen an te siyen  yon kontra pou de lane, ak yon frè transfè estime a 100 milyon ewo . Dapre sous ki toupre klib Arabi a, jwè a ta ka resevwa yon bonis siyati pou 20 milyon ero. Neymar te vle yon salè  menn jan  Karim Benzema (200 milyon ero chak ane) epi pou l gen tout kontwòl sou dwa imaj li.


Lis tout benefis Neymar Jr ap resevwa nan Arabi Saoudit :
▫️ Yon kay ki gen 25 chanm 
▫️ Yon pisin 40x10 mèt ak 3 sona
▫️ 5 anplwaye a plen tan pou travay nan kay la
▫️ yon Bentley Continental 
▫️ yon Aston Martin DBX
▫️ yon Lamborghini Huracán 
▫️ yon chofè 24 sou 24 
▫️ tout bòdwo  otèl, restoran ak divès sèvis li pran pandan jou OFF li yo ,li pral voye nan katye jeneral klib la pou yo peye 
▫️ Yon avyon prive a dispozisyon li pou vwayaj li 
▫️ salè 100M€ li chak ane 
Anplis de sa, li pral gen opòtinite pou ogmante revni li, pou chak viktwa Al-Hilal li pral pogen yen 80,000 ero,plis € 500,000 ewo pou chak post li fè  nan medya sosyal pou pwomosyon Arabi Saoudit .


Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article