Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Lima, Pewou,13 Septanm 2023 - tinouvel.com
Espò-Foutbòl
Anviwon dis Bòkò Pewouvyen tap fè wounga pou "netralize" Neymar anvan match Perou - Brezil ,Neymar di yo wayan....
Epe ,foto Neymar ak yon poupe ranyon, anviwon dis chaman Pewouvyen ou byen bòkò tap fè yon seremoni nan Lima nan Lendi pou yo eseye "netralize"Ney lavèy match kont Brezil la nan kad kalifikasyon pou Mondyal 2026 la.
Abiye ak poncho tradisyonèl yo, gerisè sa yo, ki soti nan mòn yo, nan forè a ak sou kòt yo , te rele lwa "Tayta Inti" (Papa Solèy) pou fè wonga pou mare atakan brezilyen an, yo mare janm gòch poupe ranyon sou yon foto Neymar epi kouvri pye dwat la ak yon epe an asye.
"Yon rezilta defavorab pou Perou"
Chaman Félix Rondán te eksplike Ajans Frans Presse anvan match la" Nou mare l pou l pa gen fizik, li pap kouri epi li pa byen jwe "Malgre tout wonga Bòkò sa yo ,maji pat mache , Brezil kale Perou 1 a 0 gras ak yon gòl kapitèn PSG la nan fen match la.
Nan (90e) minit Neymar tire yon kònè sou tèt Marquinhos, defansè Parisyen an jwenn fay la ak tèt li epi gòl ,tout zonbi vole ale epi Brezil asire dezyèm viktwa li nan 2 jou nan kalifikasyon Amerik di Sid pou Mondyal 2026 la.
Wonga pa mache pou Nimewo 10 Brezil, Neymar pa pran nan wonga, li fenk bat rekò gòl Pelé nan seleksyon an nan match anvan an kont Bolivi.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter