Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens , Ayiti, 7 Desanm 2023-Tinouvel.com
Ayiti-Politik
"Guy Philippe se yon kadav politik," dapre Pierre Espérance.
Sekretè Egzekitif RNDDH deklare Pierre Espérance nan caraibes Fm "Guy Philippe se yon kadav politik" e li konseye Guy Philippe rete trankil e kenbe yon profil ba pou li pa tonbe anba konplo pwòp moun ka itilze l.
Pou Espérance ansyen senatè eli ki pat prete sèman an se yon delenkan ,yon trafikan ki pèdi dwa sivil ak politik li apre kondanasyon li nan peyi Etazini pou blanchi byen ki soti nan trafik dwòg.
Kondamasyon li pran Ozetatazini valab tou pou Ayiti se pou rezon li kwè ansyen asayan inelijib e li pap janm ka patisipe nan okenn eleksyon ann Ayiti.
Nan mwa jen 2017, li te kondane a nèf ane nan prizon apre li te plede koupab pou yon akizasyon blanchi lajan.
Otorite ameriken yo te di Guy Philippe, yon ansyen gwo chèf nan Polis Nasyonal Ayiti, te itilize pozisyon li pou pwoteje anbakman dwòg an echanj lajan kach. Ofisyèl yo te di ke li te rekonèt li te resevwa jiska $3.5 milyon dola nan koripsyon.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel